Kreyòl Classes at Duke

Nan lane 2010, Duke University koumanse ofri klas Kreyòl pou etidyan ki enterese sou lang ak kilti Ayiti pran kontak ak lang lan anvan yo ale Ayiti pou benyen nan lang lan. Soti 2010 pou 2014, etidyan nan Duke te ka pran sèlman Kreyòl I ak Kreyòl 2, epi chak semès antan etidyan yo ap manifeste plis enterè pou kou a, gen yon klas Kreyòl an plis ki ajoute. Pou jounen jodi a, genyen 4 klas disponib. Nan “Fall”, ou ka enskri nan Kreyòl I (101) ak Kreyòl 3 (201), epi nan “Spring”, ou ka enskri nan Kreyòl II (102) ak Kreyòl IV (203). Sa gen 3 lane depi Duke mete tèt li ansanm ak University of Virginia, Vanderbilt University mete tèt yo ansanm pou etidyan nan 2 dènye inivèsite sa yo ki enterese nan lang kreyòl la pran klas la tou. Etidyan nan Duke benefisye tou nan kole zepòl sa a paske yo kapab pran klas lang Tibeten an nan men University of Virginia, epi Kiche Maya nan  Vanderbilt University. Nou kapab di nan sans sa a, twa inivèsite sa yo rantre nan yon kole zepòl kote yo chak grenn benefisye nan men lòt.  Tout klas sa yo fèt gras ak telekonferans. Nan lane 2012, Duke Continuing Studies te ofri yon klas Kreyòl chak samdi pou pwofesyonèl ki enterese aprann lang lan pou ede yo nan travay yo konn al fè Ayiti. Klas sa a te fèt chak samdi soti 9:00 AM pou 12:00 (noon) pandan 2 mwa. Si w enterese pou kou sa a reprann fè nou konnen. N ap byen kontan tounen ak li pou nou tout ki enterese nan sans sa.