Resources/Resous

TuneIn Radio

Logo sa a se logo pou yon aplikasyon ki rele TuneIn Radio. Depi ou gen yon telefòn entelijan, ou kapab telechaje aplikasyon an. Aplikasyon sa a ap ede w jwenn diferan kalite radyo sou latè beni ki disponib sou entènèt la. Apre ou fin telechaje aplikasyon an, men etap pou suiv yo pou rive sa. w bezwen an.  Lè w klike sou TuneIn Radio, w ap wè anpil ribrik ki monte. Ale sou “Browse“. W ap jwenn yon lis ribrik ankò, ale nan “By location“, klike sou li, epi w ap wè lis diferan kontinan ki monte. Apre sa, ou kapab chwazi kontinan ou vle dapre sa ou vle koute. Si w ap chache Ayiti, klike sou North America.  Apre sa, w ap wè yon paj ki rele Explore ki monte. Epi w ap wè Carribean Islands. Klike sou li, e la, w ap jwenn yon lis peyi ki nan zonn nan. Epi suiv lòd alfabetik la pou ka jwenn Haïti. Apre ou klike sou Haïti, w ap jwenn anpil radyo ki Ayiti ki disponib sou sit la.  Amize w. Enfòme w antan w ap benyen nan lang kreyòl la.

Akademi Kreyòl Ayisyen

Dapre atik 213 ki nan konstitisyon ayisyen an, leta ayisyen dwe mete sou pye yon Akademi   Kreyòl. Sa te rive fèt nan lane 2014, 27 lane apre konstitisyon an te fin pibliye. Si w ta renmen konnen ki objektif Akademi an ansanm ak ki travay l ap fè, tanpri klike sou lyen ki anba a. According to article 213 in the 1987 Haitian Constitution, the Haitian state should put in place a Creole Academia. The institution was created in 2104, 27 years later after the promulgation of the constitution. Facebook page: https://www.facebook.com/akademi.kreyol

Bon Nouvèl

Jounal sa a se sèl grenn jounal kreyòl ki gen plis pase 50 lane depi li egziste. Li parèt chak mwa. Tout atik ou jwenn ladan ekri an kreyòl nèt ale. Atik li yo varye soti nan domèn lafwa katolik, pase nan koze politik, edikasyon, koze lang nan Ayiti, epi touris lokal. Biwo jounal la chita nan Pòtoprens, Ayiti (119, ri Simon, Wout Ayewopò B.P. 19252 HT- 6112 Pòtoprens, Ayiti). Klike sou lyen sa a pou jwenn plis enfòmasyon si w enterese vin yon abone nan jounal la.

Alterpresse

Alterpresse se yon jounal elektwonik ki la depi nan lane 2000 yo, e se yonn nan jounal ki gen yon paj an kreyòl. Men, se pa menm atik yo ki parèt nan de lang yo (Franse ak Kreyòl). Nan paj kreyòl la w ap jwenn anpil atik sou koze edikasyon, politik, plas lang kreyòl la, alfabetizasyon, dwa medam yo, politik, e latriye…  Klike sou lyen ki anba a pou li bon jan atik kreyòl nan anpil domenn.

Le Nouvelliste

Jounal sa se jounal ki pi ansyen nan peyi a. Li parèt chak jou soti lendi pou rive samdi. Anvan ane 2000 yo, 99.9% atik ki te parèt ladan te ekri an franse. Depi koumansman lane 2001 an, ou jwenn de twa atik ladan ki ekri an kreyòl yon lè kon sa. Biwo jounal la chita nan Pòtoprens, Ayiti. Jounal la disponib sou vèsyon papye, epi sou vèsyon elektwonik tou. Klike sou lyen anba a pou sa fè konesans ak jounal la. Ou pa janm konnen lè w ap tonbe sou yon atik an kreyòl ladan.

Voice of America

Seksyon kreyòl VOA a gen plis pase 25 lane depi l ap bay sèvis.  Sou sit VOA a, w ap jwenn nouvèl an kreyòl sou Ayiti, epi de twa tranch nouvèl tou an kreyòl sou anpil kote sou latè beni. Pa neglije vizite sit la chak jou. Se yon bon zouti ki ka ede w rete an kontak ak lang lan. Klike sou lyen ki anba a pou mare bon jan zanmitay ak lang lan.

Tanbou

Tanbou se yon jounal ki gen ladan enfòmasyon sou literati, istwa, lang ak politik. Ou jwenn diferan enfòmasyon an kreyòl, ann angle ak franse. Jounal la egziste depi prentan 1994. Nou envite w klike sou lyen ki anba a pou sa jwenn plis enfòmasyon ak detay sou travay yo. Nou pran logo a sou paj jounal la menm.

Le National

Jounal sa a rele ” Le National”. Li pa demare lontan. W ap jwenn enfòmasyon sou politik, literati, istwa ak lang tou. Li gen yon seksyon pou Ayisyen k ap viv nan dyaspora a pou fè tande vwa yo. Majorite atik yo se an franse, de twa ann angle, epi chak de oswa twa senmenn, ou kappa jwenn yon atik ki ekri an kreyòl. Klike sou lyen sa a pou gen plis detay.