Tout Ayisyen ki fèt e ki grandi ann Ayiti gen yon grenn lang ki makònnen yo tout ansann. Lang sa a, se kreyòl. Tankou Ayisyen yo di; Kreyòl pale, Kreyòl konprann. Lang kreyòl la chaje ak pwovèb ladan tankou anpil lang. Se pa fasil pou tande de twa Ayisyen k ap pale pou yo pa itilize pwovèb. Yo itilize pwovèb yo pou di nan 2 segonn yonn flonn pawòl ki t ap pran anpil tan. Pwovèb yo pale sou sajès, pasyans, lacharite, lenjistis, e latriye…. Nan bon sityasyon tankou nan move sitiyasyon, w ap jwenn pwovèb ki apwopriye pou di yon mesaj ak de twa grenn mo. Nan paj sa a, n ap sèvi ak yon dizèn pwovèb ou ka tande pi souvan nan bouch anpil ayisyen.
- Lakay se lakay.
- Kreyòl pale, kreyòl konprann.
- Sak vid pa kanpe.
- Dèyè mòn gen mòn.
- Chita pa bay.
- Merite pa mande.
- Pale franse pa vle di lespri pou sa.
- Piti piti, zwazo fè nich li.
- Byen pre pa lakay.
- Santi bon koute chè.
- Rayi chen, di dan l blan.
- Bay kou bliye, pote mak sonje.
- San se san.
- Apre dans, tanbou lou.
- Zorèy pa fèt pou pi long pase tèt.
- Si anndan pa vann ou, deyò pa ka achte l.
- Regleman pa gate zanmi.
- Twou manti pa fon.
- Bèl lantèman pa vle di paradi pou sa.