Recording 1

Audio Recording 1 (Material for intermediate level)

A
Reponn kesyon sa yo diapre sa ki nan di nan materyèl odyo ak “se vre” oswa “se pa vre”.
  1. Moun k ap pale a te fèt nan Ayiti.
  2. Li te fèt nan yon ti vil ki rele Pò-Mago.
  3. Li te fèt nan lane 1980 yo.
  4. Li pa janm viv Etazini.
  5. Li gen frè ak sè.
  6. Li di kilti Etazini ak Ayiti diferan ti kras.
  7. Manman li ak papa li te vwayaje ansanm ak li pou mennen li Etazini.
  8. Li se yon moun ki renmen chanjman tankou anpil moun.
  9. Li renmen lè li nan mitan anpil moun.
  10. Li se yon etidyan nan “Vanderbilt University”.
Reponn kesyon sa yo ak yon fraz antye
B.
  1. Ki kote li te ale viv nan Etazini lè li te kite Ayiti?
  2. Ki sa li renmen fè lè li gen tan?
  3. Ki kalite fim li renmen gade?
  4. Ki jan yo rele powèt li renmen anpil la?
  5. Ki woman li pi renmen? E ki moun ki ekri woman sa a?
  6. Ki pwoblèm li genyen ak “Nashville”?
  7. Ki kesyon li poze tèt li?
  8. Nan ki inivèsite li ta renmen ale lè li fin gradye?
  9. Nan ki lòt peyi li ta renmen abite pou yon ti bout tan?
  10. Nan ki vil/eta li ta renmen tounen pou fè rès lavi li?

 Answers