Kolera Rive Petyonvil / Cholera Arrives in Petionville
Posted by: Deborah Jenson in In Kreyòl, Medical, News, Uncategorized“Haiti: Operational Biosurveillance” has confirmed multiple cases of cholera in Petionville.
Prevansyon:
Pa manje manje ki pa kwit; pa bwè dlo ki pa bwiye ou pirifye; lave men anvan nou manje, apre n itilize twalet yo, e anvan nou touche visaj nou.
Anpil moun ki enfekte ak kolera pa gen sentom; kolera pa toujou grav. Maladi a ka trete fasil. Pran prekosyon sanitè, rete kalm. Se yon bakteri ki bay kolera.
Tretman:
Si w gen yon gwo boutey dlo pirifye o bwiyi, twa kiyè sik ak yon kiyè sel, ou ka trete yon moun ki malad ak kolera. Ede l bwe–se lè moun ap vini desidrate yo an danje. Kò nou yo bezwen likid, sik, ak sel.
Nou ka itilize klorox (javel) dilwye nan dlo pou netwaye yon kay kote yon moun te malad.
Entries (RSS)