Souverennte alimentè nan rekonstriksyon an
Posted by: Deborah Jenson in Culture, History, In Kreyòl, Politics of ReliefFò nou raple kesyon souverennte alimentè a an Ayiti. Kouman eske tou zefò soulajman e rekonstriksyon pral afekte agrikiltè yo? Peyizan yo bezwen wout, yo bezwen aksè ladwane, yo dwe transpote prodwi yo pou vann sou mache entenasyonal yo. Si Ayiti “tounen restavek nan zafè manje,” si “vant Ayiti sou kont vwazen,” ayisyen yo ap kontinye kite tè a pou rete nan kondisyon danjerè yo an vil.
Nou ka li yon blog agwonòm nan sit sa a:
http://www.alterpresse.org/spip.php?article7073
“Sou zafè souverennte alimantè
Ayiti te yon peyi souvren nan zafè manje. Peyizan ayisyen te toujou pwodui manje ki nouri tout popilasyon an. Peyi a te menm konn voye vann manje ak anpil lòt pwodui agrikòl nan peyi etranje.
Ayiti te konn voye vann pwodui òganik, pwodui ki bon pou lasante. Jounen jodia, peyi a tounen restavèk nèt nan zafè manje. Nou achte 80 pousan diri nou manje nan peyi etranje, alòske nou genyen kapasite pou pwodui ase diri pou nouri tèt nou epi pou jwenn dekwa pou nou ta voye vann nan peyi etranje.
Vant nou depann jodia de manje pèpè tankou zèl kòdenn, zèl poul, poul pouri, pwason pèpè ak tout lòt kalite pwodui pèpè k ap ravaje sante nou.
Jounen jodya, nou pèdi abitid alimantè nou ki te fè idantite nou kòm pèp. Gen ayisyen ki pa vle manje diri peyi ankò. Peyizan pa vle manje mayi moulen lakay yo ankò. Konbit pa fèt ak gwo chodyè mayi moulen ankò. Olye nou manje tchaka, chanmchanm, doukounou, akra, anpanan, tonmtonm, tayo mazoubèl, tayo djannankou, lam veritab, labapen, yanm, patat, manyòk, bannann etsetera, nou pito manje pen, espageti, makaroni. Olye nou fè manje ak diten, fèy bazilik, nou tonbe nan aksan, nan magi, nan switi k ap pote tout kalite vye maladi nan kò nou.
Jounen jodia, vant nou sou kont vwazen. Se vwazen ki vann nou yon milyon ze chak jou, 84 000 poul blanch chak jou. Se li ki vann nou sitwon, kokoye ak tout lòt kalite pwodwi.”



Entries (RSS)